Annexe:Liste de proverbes haïtiens
Apparence
Liste de proverbes haïtiens (et leurs équivalents en français)
- Lawoze fè banda tout otan solèy poko leve
Toute chose arrive au bon moment.
- Ak pasyans w a wè trip foumi.
- Tout vient à point à qui sait attendre.
- Byen pa janm pèdi.
- Un bienfait n’est jamais gagne
- De mòn pa janm rankontre, men de moun konn rankontre.
- Il n’y a que les montagnes qui ne se rencontrent jamais.
- Depi de je poko fèmen, espwa pa pèdi.
- Tant qu’il y a de la vie, il y a de l’espoir.
- Ede tèt ou, Bondye a ede w.
- Aide-toi et le ciel t’aidera.
- Fè sa m di, pa fè sa m fè.
- Fais ce que je dis, ne fais pas ce que je fais.
- Jan chat mache se pa konsa l kenbe rat.
- L’habit ne fait pas le moine.
- Kaka je pa linèt.
- Tout ce qui brille n’est pas or.
- Lè chat pa la, rat fè bal.
- Quand le chat n’est pas là, les souris dansent.
- Fò w ta wè pou ta kwè.
- Il faut le voir pour le croire.
- Lè w sot pi wo ou pran pi gwo so.
- Plus on tombe de haut, plus dure est la chute.
- Mizè pa janm tonbe sou pyebwa.
- les riches continuent toujours à s’enrichir. (Un malheur ne vient jamais seul)
- Mwen bwè pwa.
- Donner sa langue au chat.
- Ou tande bèf alewè kòn.
- Grands diseurs, petits faiseurs.
- Pa fè m sa m pap fè w.
- Ne fais aux autres ce que tu ne voudrais pas qu’ils te fassent.
- Pa janm di m'a gen tan.
- Ne remets jamais à demain ce que tu peux faire aujourd’hui.
- Pa janm gen omlèt san kase ze.
- On ne fait pas d’omelette sans casser des œufs.
- Pise gaye pa kimen
- Raje gen zòrèy.
- Les murs ont des oreilles.
- Ravèt pa janm gen rezon devan poul.
- La raison du plus fort est toujours la meilleure.
- Regleman jis pa gate zanmi.
- Les bons comptes font les bons amis.
- Sa k' pa la pèdi tou pa l.
- Les absents ont toujours tort.
- Sa pa vo lapèn.
- Le jeu n’en vaut pas la chandelle.
- Sa w' simen se sa w' rekòlte.
- On récolte ce que l’on sème.
- Sa l fè l fè.
- Advienne que pourra.
- Sa k lan vant kabrit se li k pal.
- Un "Tiens" vaut mieux que deux "Tu l’auras".
- Se papa k fè pitit.
- Tel père, tel fils.
- Timoun pa konn bay manti.
- La vérité sort de la bouche des enfants.
- Tout sa k pa bon pou youn, li bon pou yon lòt.
- Le malheur des uns fait le bonheur des autres.
- W a jwenn ak mèt ke w.
- On trouve toujours chaussure à son pied.
- Yon sèl dwèt pa manje kalalou.
- L’union fait la force.
- Anvi tout, pèdi tout.
- Qui court deux lièvres à la fois ne prend ni l’un ni l’autre.
- Bèl dan pa di zanmi pou sa.
- Celui qui vous sourit n’est pas toujours un ami.
- Lanmou pa konn dèyè pyese.
- L’amour est aveugle.
- Kaka poul pa ze.
- Les apparences sont trompeuses.
- Lajan pa gen lodè.
- L’argent n’a pas d’odeur.
- Lafimen pa leve san dife.
- Il n’y a pas de fumée sans feu.
- Abitid se vis.
- L’habitude est une seconde nature.
- Ou fòse bourik janbe dlo, ou pa fòse l bwè dlo.
- On ne peut faire boire un âne qui n’a pas soif.
- Achte chat nan sak.
- Acheter chat en poche.
- Ti rat pa janm fèt san ke.
- Les chiens ne font pas des chats.
- Chen ki jape pa mòde.
- Chien qui aboie ne mord pas.
- Lè ti poul la gen dan.
- Quand les poules auront des dents.
- Sak vid pa kanpe.
- Ventre affamé n’a point d’oreille.
- Twò prese pa fè jou louvri.
- Trop de précipitation nuit.
- Sèl pa janm vante tèt li di jan l sale.
- À bon vin point d’enseigne.
- Lajan al kay lajan.
- On ne prête qu’aux riches.
- Yon sel dwèt pa manje kalalou.
- L’union fait la force.
- Kabrit anpil gadò mouri nan solèy.
- Bèl pawòl pa vle di verite pou sa.
- Méfiez-vous des beaux discours.
- Flèch palmis pa fizi.
- L’apparence est trompeuse.
- Depi tèt poko koupe, li gen espwa mete chapo.
- Tant qu’il y a de la vie, il y a de l’espoir.
- Byen mal pa vle di lanmò.
- Tant qu’il y a de la vie, il y a de l’espoir.
- Chen griyen dan l, men l pa ri pou sa.
- Le rire est parfois trompeur.
- Ki mele pis ak grangou chen.
- Puce s’en fout de la faim du chien.
- Gwo vant pa di lajan.
- Il faut se méfier de l’apparence.
- Men anpil chay pa lou.
- L’union fait la force.
- Jistis Bondye se kabwèt bèf.
- Justice divine s’impose tôt ou tard.
- Se rat kay k ap manje pay kay.
- Un des nôtres est le coupable.
- Bay piti pa chich.
- Donner peu ne signifie pas qu’on est pingre.
- Lènmi pa janm piti.
- Il ne faut jamais sou-estimer un ennemi.
- Padon pa geri maleng.
- Demander pardon ne répare pas la faute.
- Joumou pa donnen kalbas.
- Les chiens ne font pas des chats.
- Rayi chen, men pa di l fimen tabak.
- Il ne faut pas accuser autrui de ce dont il n’est pas capable.
- Lajan fè chen danse.
- L’argent peut influencer les gens.
- Lajan pa fè boul nan pòch malere.
- Les poches du pauvre sont toujours vides.
- De lajan paka goumen.
- Abondance de biens ne nuit pas.
- Dlo pa monte mòn.
- Il y a des choses impossibles à réaliser.
- Chanje mèt, chanje metye.
- L’ouvrier travaille au goût du maître.
- Degaje pa peche.
- Être malin n’est pas un défaut.
- De toro pa rete nan menm savann.
- e pouvoir ne se partage pas.
- De kòk kalite pa rete nan menm baskou.
- Le pouvoir ne se partage pas.
- Atansyon pa kapon.
- La prudence est mère de sûreté.
- Rad pa janm fè moun.
- L’habit ne fait pas le moine.
- Pwason te fè dlo konfyans, men se dlo ki bouyi l.
- Nul n’échappe à son destin.
- Anvan chen manje zo, li mezire machwè l.
- Toute ambition gagne à être mesurée.
- Nan bay kout men, ou jwenn kout pye.
- À vouloir rendre service, on s’attire des ennuis.
- Lagè avèti pa touye kokobe.
- Un homme averti en vaut deux.
- Bèf douvan bwè dlo klè.
- Les premiers arrivés sont les mieux servis.
- Ti pil ti pil fè chay.
- Petit à petit, l’oiseau fait son nid.
- Pale franse pa di lespri.
- Savoir parler français ne veut pas dire être intelligent.
- Konn li pa di lespri pou sa.
- Être lettré ne signifie pas qu’on est intelligent pour autant.
- Pwomès se dèt.
- Parole donnée est sacrée.
- Jodi pou ou, demen pou yon lòt.
- À chacun son tour.
- Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye.
- À chacun son jour de chance.
- Nan mal, nan mal nèt.
- Advienne que pourra.
- Bouche nen w pou bwè dlo santi.
- Il faut se résigner à tout.
- Lasante se pi gwo richès.
- Il n’y a pas de richesse préférable à la santé.
- Lajan kase wòch.
- L’argent peut tout faire.
- Se sen kòb ki fè goud.
- Il faut être économe.
- Bouch manje tout manje, men li pa pale tout pawòl.
- Il faut savoir tenir sa langue.
- Moun mouri pa pè santi.
- Les morts n’ont pas de soucis.
- Nan mitan avèg, bòy se wa.
- Au royaume des aveugles, les borgnes sont rois.
- Kalbas gran bouch pa kenbe dlo.
- Les grands diseurs ne sont pas les grands faiseurs.
- Sa je pa wè, kè pa tounen.
- On ne souffre pas de ce qu’on ignore.
- Mennen koulèv la lekòl se youn, fè l chita se de.
- Les bonnes intentions ne suffisent pas.
- Mezire avan w koupe.
- Il faut réfléchir avant d’agir.
- Doktè pa janm trete tèt li.
- Médecin, guéris-toi toi-même.
- Bourik toujou aji bourik.
- L’habitude est une seconde nature.
- Mizè fè bourik kouri pase chwal.
- Grâce aux difficultés, on se découvre des qualités insoupçonnées.
- Apre dans, tanbou lou.
- Il y a un temps pour chaque chose.
- Avantaj kòk, se nan zepon l li ye.
- Il faut savoir utiliser ses atouts.
- Zafè kabrit pa zafè mouton.
- On ne doit s’occuper que de ce qui nous regarde.
- Chak kochon gen samdi pa l.
- Nul n’échappe à son destin.
- Jaden lwen gonbo di.
- Loin des yeux, loin du cœur.
- Se bon gou ki mete lang deyò.; L’appétit vient en mangeant.
- Jwèt se jwèt, kòchèt pa la dan l.
- Il y a des limites à tout.
- Aksidan pa gen klaksonn.
- Le malheur ne prévient pas avant d’arriver.
- Manje tout, pa di tout.
- Tout est bon à manger, tout n’est pas bon à dire.)
- Rayi chen, di dan l blan.
- Il faut donner à César ce qui est à César.
- Evite miyò pase mande padon.
- Mieux vaut prévenir que guérir.
- Dan pouri gen fòs sou bannann mi.
- La raison du plus fort est toujours la meilleure.
- Rat manje kann, zandolit mouri inosan.
- Les innocents payent pour les coupables.
- Se nan chemen jennen yo kenbe chwal malen.
- C’est au pied du mur qu’on voit le maçon.
- Dlo lacho blanch, men li pa lèt pou sa.
- Il ne faut pas se fier aux apparences.
- Koulèv ki bezwen grandi se nan twou li rete.
- Se mettre de coté pour toujours exister.
- Sa ou fè, se li ou wè.
- On récolte ce qu’on a semé.
- figi mouton tanperaman lyon
- un visage moutonnier et une tanperament lionnier